Yon nouvo albòm estidyo nan repètwa atis Shedly Abraham. Pibliye 25 mas 2024 sa a, nouvo pwojè sa a gen 14 tit e li mansyone yon bann kolaborasyon.
Dènye pwojè mizisyen an chaje ak yon foul atis nan sektè kiltirèl ayisyen an. Nan katòz mòso yo, nou jwenn anpil vwa moun deja konnen nan endistri mizik ayisyen an.
Shedly, pafwa se yon vwa ki akonpaye l, pafwa se de sou yon tit. Eksepte “La m ap rete”, youn nan tit albòm nan, nou jwenn kat lòt vwa ladan l, tankou Nickenson Prud’homme apa vwa mèt albòm nan. Sou mòso “Louanj pou Bondie” a tou, gen yon dizèn kolaboratè, tankou Shabba, K-dikak, Palmyre Séraphin ak lòt.
Dènye pwojè maestro a deja disponib sou tout platfòm streaming e pami katòz son yo, gen yon videyo ki deja disponib. Se videyo “Notre père” kote vwa Phylissia Ross ak Anthony Drew grave. Gen yon teaser ki an liy tou. Fwa sa a, se pou mòso “Kenbe m” ak Anie Alerte ak Amstrong Jeune.
Sous: Célébrité Magazine
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





