
Depi li rive nan Primati a, Alix Didier Fils-Aimé gen difikilte pou konvenk sou kapasite li pou reponn a kriz sekirite k ap souke Ayiti a. Nonmen nan tèt gouvènman tranzisyon an, li okipe tou pòs estratejik prezidan Konsèy siperyè polis nasyonal la (CSPN), sa ki fè l yon aktè santral nan batay kont ensekirite.
Sepandan, plizyè obsèvatè repwoche l mank yon vizyon klè ak yon estrateji global pou netralize gwoup ame k ap paralize yon gwo pati nan teritwa a. Pandan popilasyon an ap tann mezi fò e estriktire, chèf gouvènman an sanble ap limite tèt li a aksyon administratif, tankou enstale responsab lapolis nan pòs kòmandman, yon wòl ki nòmalman pou direktè jeneral PNH.

Nan yon peyi kote vyolans ap gaye, tout moun ap tann yon repons politik ak sekirite ak ijans. E pou kounye a, dapre anpil kritik, lidèchip Fils-Aimé gen difikilte pou enpoze l devan gwosè defi yo.
Sa ki fè l, dapre plis pase yon moun, Premye minis ki pi enkonpetan peyi a janm konnen.
Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
« Le pari du dialogue » : vizyon Wilner Joseph pou Ayiti ak relasyon l ak Repiblik Dominikèn
16 nov
Prezidansyèl 2027: Martine Moïse ofisyalize kandidati l anba banyè GAD
15 nov
Minis Sandra Paulemon mize sou fòmasyon kad pou modènize aksyon piblik
14 nov





