
An 2025, talantye aktris ak komedyèn ayisyèn Néhémie Bastien pral sou ekran meksiken yo. Li jwe wòl prensipal yon metraj yo poko revele non l.
Metraj sa a mete Néhémie an avan, kòm Esther, e li rakonte istwa yon fanmi ayisyen lòt bò dlo, sitou nan yon forè nan Meksik. Fanmi sa a fè fas ak anpil pwoblèm: piyaj, kadejak ak asasina ki repete. Marye e manman de pitit, li montre kouraj pandan l ap goumen di pou moun pa l yo.
Jèn fanm ventèn nan te deziyen kòm aktris prensipal apre yon odisyon nan Kanada. E sa, gras ak pèfòmans li nan “Freda”, reyalizasyon Gessica Généus, si nou kwè pawòl ajan vwa “Meli Melo” a, Amos César.
“Pwodiktè a ak reyalizatè a te gade Freda e yo te montre enterè pou Néhémie”, nou ka li sou Loop Haïti.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





