Depi 2007, chak ane, vil Aken resevwa, espesyalman jedi sen, kòmansman kat jou “festival entènasyonal mizik ak dans tradisyonèl”. Anba lidèchip fondasyon Aquin Solidarité (FAS), piblik Aken toujou jwenn chak ane pi bon koregrafi dans ak konsè gwo kalib. Pou dezyèm ane youn dèyè lòt, evènman an anile pou rezon ki lye ak kontèks lokal ak mondyal la.
Si pandemi kowonaviris la te fòse ekip la anile 13yèm edisyon an, ane sa a ankò, toumant politik yo fè evènman an tonbe.
Pandan yo te nan vil la pou semèn sent lan, kèk jèn ak pwofesyonèl eksprime desepsyon yo devan sitiyasyon sa a.
“Sa fè deja dezan depi vil la pa resevwa yon sèl vizitè”, jèn sa yo plenyen, pandan yo di festival la se yon evènman ki trè benefik pou Aken.
Pwojeksyon fim, dokimantè ak konferans yo se yon fenèt kiltirèl ki ouvè pou jèn yo pandan evènman sa a.
Pou ti machann yo, boutikye yo ak pwopriyetè otèl yo, de ane sa yo se yon pèt pou yo. Festival Aken an souvan yon okazyon anyèl annò pou yo refè sante ekonomik yo.
Ann raple atis ki soti nan tout kwen mond lan konn patisipe nan festival sa a. Gwo chabrak mizik ayisyen yo kite mak yo sou manifestasyon kiltirèl gwo kalib sa a.
Festival la ap reprann dwa l ane pwochèn, si pandemi an kontwole, si twoub politik yo sispann, men tou si travay amenajman plas Aken an fini, dapre youn nan responsab fondasyon Aquin Solidarité, nan mikwo Gédéon Delva, yon jounalis moun konnen anpil nan vil la.
Richarson Bigot
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yoLi tou
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt
Malgre polemik la, Thélyson Orélien toujou nan kous pou Renaudot ak « C’était ça ou mourir »
8 okt





