
Minis Afè etranjè ak Kilt la, Raina Forbin, defann priyorite Ayiti nan relans ekonomik, envestisman, kreyasyon djòb ak rezilyans klimatik, pandan dezyèm e dènye jounen reyinyon ministeryèl ki konsakre sou egzamen mi-pakou Pwogram aksyon Doha a an favè peyi ki pi pòv yo (PMA).
Lè l patisipe nan diferan tab won yo òganize nan kad rankont sa a, minis Forbin ensiste sitou sou nesesite pou mete relans ekonomik nan kè repons yo bay defi Ayiti ap fè fas yo. Li raple, an paralèl ak retablisman sekirite ak òganizasyon eleksyon yo, relans ekonomi an se youn nan prensipal priyorite gouvènman Premye minis Alix Didier Fils-Aimé dirije a. Chèf diplomasi ayisyen an mete an avan tou potansyèl jenès ayisyen an reprezante. Avèk yon popilasyon ki an majorite jèn, peyi a gen, dapre li, yon kapital imen ki kapab kontribye nan transfòmasyon ekonomik li, si li jwenn pèspektiv travay ak opòtinite dirab.
Nan sans sa a, Raina Forbin kwè yo pa dwe konsidere kreyasyon djòb desan pou jèn yo sèlman sou plan ekonomik. Dapre minis la, se yon levye tou pou reponn defi sekirite yo e yon faktè estabilite ak pwosperite alontèm. Anplis, minis la plede pou yon chanjman paradig nan relasyon ant Ayiti ak patnè entènasyonal li yo, pandan l mande pou pase piti piti « de èd a envestisman e de asistans a pwodiksyon ». Objektif la, li souliye, se ankouraje patenarya dirab ki chita sou enterè ki bon pou tout pati yo.
Ayiti swete tou jwenn yon aksè pi laj e pi senp nan finansman, resous ak teknoloji ki nesesè pou ranfòse rezilyans li, sitou devan efè chanjman klimatik yo. An menm tan, peyi a vle apwofondi relasyon ekonomik li ak Karayib la, Lafrik ak lòt patnè entènasyonal li yo. Nan Adis-Abeba, gouvènman ayisyen an reyafime konsa volonte li pou kontribye nan pwòp efò devlopman li pandan l mande kominote entènasyonal la ranfòse solidarite li anvè Ayiti, atravè angajman konkrè ak rezilta tanjib pou popilasyon an.
Patisipasyon Raina Forbin nan reyinyon ministeryèl sa a fè pati volonte gouvènman ayisyen an pou defann priyorite li sou sèn entènasyonal la e mobilize nouvo patenarya an favè sekirite, estabilite ak devlopman ekonomik peyi a.
Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24
Tout atik li yoLi tou
Forum Pari sou lapè: minis Raina Forbin mande pou kominote entènasyonal la mobilize plis pou Ayiti
12 nov
Bukele mande Ayisyen reprann kontwòl peyi yo epi prezève eritaj Desalin
4 nov
Alix Didier Fils-Aimé plede pou ranfòse relasyon ant Ayiti ak Espay
12 okt
Minisyon dominiken nan men 400 Mawozo: Raina Forbin rete an silans, diplomasi ayisyen an an defayans
12 okt





