Sis ane apre twazyèm album li te soti, chantèz britanik selèb la, Adele, tounen ak yon nouvo opis yo rele «30», li devwale vandredi 19 novanm 2021 sa a. Katriyèm disk sa a gen 12 mòso, tankou tit Easy On Me, ki gen yon siksè san parèy sou platfòm koute ak telechajman yo.
Chif single Easy On Me a montre klèman fanatik entèprèt « Hello » a t ap tann album sa a ak enpasyans. Nan 24 èdtan, moun te koute chante Easy On Me a plis pase 24 milyon fwa sou Spotify. Yon gwo rekò ki fè tout medya tradisyonèl ak nimerik pale de li.
Soti nan Woman Like Me, Hold On, Oh My God, I Drink, My Little Love, Cry Your Heart rive nan Can I Get It, tout tit sa yo fè yon gade anndan lavi chantèz Adele, sitou eprèv di li te pase, divòs li ak terapi li. « Album sa a se te “mache oswa mouri” pandan peryòd ki te pi boulvèse nan lavi m », li te ekri.
«Mwen rebati kay mwen ak anpil difikilte… e album sa a rakonte sa», zetwal britanik la ajoute.
Fòk nou raple Adele te sòti twazyèm album li an 2015, ki rele «25», e li te fè yon rekò vant nan plizyè peyi. Epi disk sa a te kouwone ak yon Grammy Award pou album an 2017.
Billy Gervé, journaliste, rédacteur, Blogueur et étudiant en communication sociale. Il est passionné de la culture | Actuellement rédacteur à Hebdo24.
Tout atik li yo




