Sogebank, atravè yon nòt li pibliye madi 24 out 2021, te anonse lansman yon nouvo sèvis « Transfè Dirèk sou Kont Bank ». An kolaborasyon ak konpayi entènasyonal RIPPLE, Sogebank ofri kliyan li yo nouvo sèvis rapid e efikas sa a. Kounye a, dyaspora ayisyen an ap ka voye transfè dirèk sou kont bank fanmi ak zanmi yo an Ayiti.
Nouvo sèvis sa a, ki trè rapid e efikas, ka fèt atravè REMITEE. Moun k ap voye a ap gen pou l bay enfòmasyon kont moun k ap resevwa transfè a, nòt la presize.
Gladys Coupet, administratris delege Sogebank, deklare lansman sèvis Transfè Dirèk sou Kont sa a, ki gen yon wo nivo teknolojik, pral fasilite e amelyore resepsyon transfè dyaspora a pou byen kliyan Sogebank yo ak popilasyon ayisyen an an jeneral.
Sogebank pa t kache fyète l paske li te travay ak REMITEE, yon konpayi ki etabli an Amerik Latin, ki ofri sèvis transfè lajan l apati telefòn.
Sogebank ankouraje popilasyon ayisyen an pou yo ankouraje fanmi yo ki nan Ajantin ak nan Chili sèvi ak sèvis REMITEE pou voye lajan ba yo pou yo benefisye òf sa a ki pral fini 24 septanm k ap vini an, sa vle di nan yon mwa.
Kreye an 1986, Sogebank se dezyèm pi gwo bank komèsyal nan peyi a. Depi prèske 35 an, li bay kominote ayisyen an sèvis li.
REMITEE ak Sogebank tonbe dakò pou anile frè ki lye ak transfè dirèk sou kont sa yo pandan yon mwa an solidarite ak fanmi tranblemanntè devastatè 14 out 2021 la te afekte yo.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yoLi tou
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov
Eleksyon ann Ayiti: prèske 40 milyon dola toujou rete pou jwenn pou boukle bidjè elektoral la
5 nov





