Sekretè Jeneral konsèy minis yo, Rénald LUBERICE, nan yon nòt li pibliye mèkredi 15 septanm 2021, remèt demisyon l.
Rezon desizyon l, Mesye Luberice eksplike, baze sou lefèt gen enpòtan endis ki montre Premye Minis Ariel Henry ta ka enplike nan asasina ansyen prezidan Repiblik la, Jovenel Moïse, e li pa gen entansyon kolabore ak Lajistis.
Dapre li, yon Premye minis ansyen prezidan Jovenel te nonmen, kontrèman ak sa moun te atann, pa ka ap bloke lajistis e anpeche limyè fèt sou dosye asasina odye sa a. Okontrè, li vle poze tèt li kòm vrè mèt ak senyè alatèt primati a.
Parapò ak sa, alye ansyen prezidan an, Mesye LUBERICE, pa vle nan okenn ka kanpe bò kote yon moun ki sanble enplike jiska kou nan asasina Jovenel Moïse.
Finalman, li ankouraje tout minis yo fè menm bagay la lè yo chak remèt demisyon yo.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
« Le pari du dialogue » : vizyon Wilner Joseph pou Ayiti ak relasyon l ak Repiblik Dominikèn
16 nov
Prezidansyèl 2027: Martine Moïse ofisyalize kandidati l anba banyè GAD
15 nov
Minis Sandra Paulemon mize sou fòmasyon kad pou modènize aksyon piblik
14 nov
Prezidansyèl 2027: Dominique Dupuy ofisyalize kandidati li anba banyè PVD
12 nov





