Se nan Mize Panteyon Nasyonal la, an prezans manm gouvènman l, Premye minis Ariel Henry te ofri Anprè Jean Jacques Dessalines, lendi 20 septanm sa a, yon jèb flè pou salye pwouès li, ekspwa l nan batay ki te dwe mennen nan endepandans nasyonal la. Yon gwo moman nan istwa Ayisyen ki make pou premye fwa an Ayiti. Se yon inisyativ defen prezidan Jovenel Moïse tou, ki te vle pou nasyon an ak tout mond lan sonje ewo sa a ak dat 20 septanm nan.
« 263yèm anivèsè nesans Anprè a se, pou nou tout, Ayisyèn, Ayisyen, okazyon pou nou sonje pwouès ak ekspwa tout moun ki te sakrifye tèt yo pou kite patri sa a pou nou. Rèv libète ak grandè a, ki te kristalize nan aksyon ki dire, dwe kontinye jèmen nan nanm nou, tankou yon fa ki klere chemen fènwa obskiratis yo », Premye minis Ariel Henry te ankouraje.
Anplis, chèf gouvènman an te mete aksan sou nesesite tout Ayisyen pa ka evite pou yo mete tèt yo ansanm pou bay peyi a ekla li te genyen lontan an. « (…) nou dwe gen kouraj ak onètete pou nou admèt nou rate. Paske, li pa t goumen tèlman an ewo, ak deviz linyon fè lafòs la nan tèt li, pou jodi a nou se yon nasyon ki tèlman divize, tèlman chire », li souliye. Se poutèt sa, li ankouraje tout aktè lavi nasyonal la mete kont anndan yo sou kote pou byennèt nasyon an.
Fòk nou presize apre li te fin ofri Anprè a flè, chèf gouvènman an te pwofite okazyon an pou l fè yon ti vire nan MUPANAH, yon estrikti konsèvasyon memwa nasyonal ki, jodi a, montre yon povrete ekstrèm an tèm pyès pou ekspoze.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
sa gen 19 èdtan
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov





