Nan yon deklarasyon jounal dominiken Listín Diario rapòte, prezidan pati Lès zile a, Luis Abinader, presize «kesyon ayisyen an pa konsène sèlman Repiblik Dominikèn ankò. Kounye a se tout peyi ki dwe mete tèt yo ansanm pou okipe Ayiti», pandan l t ap soti nan yon selebrasyon nan Santo Cerro, La Vega, nan okazyon komemorasyon jou Notre Dame de Las Mercedes.
Nan pawòl li, li afime volonte l pou l kontribye nan domèn sekirite e pou l pote lòt èd bay Ayiti. Li ajoute li ijan pou entèvni pou «pasifye nasyon vwazen an».
Sepandan, li mansyone Leta dominiken an pare pou bay sipò, tan ak espas, men pou rezon «istorik, diplomatik ak pridans», li pa bon pou Repiblik vwazen an fè pati yon gwoup ki pral pasifye teritwa Ayisyen an.
Kounye a, an Ayiti, se chèf bann ki fè lalwa, klas politik la divize, yon sosyete ki chire an mil moso, otorite yo pratikman pa gen kontwòl teritwa a ki nan men moun ame.
Devan sitiyasyon lamantab sa yo, prezidan Dominiken an montre li konsène e li fè apèl a tout peyi, sitou nan rejyon an, pou yo enplike yo nan objektif pou sove kwen tè Desalin nan ki senbolize fyète nwa yo.
Paske pwoblèm Ayisyen an enfliyanse dirèkteman oswa endirèkteman peyi nan rejyon an. E se tou yon «ijans ni pou rezon imen ni pou rezon sekirite».
Ann raple mèkredi pase a Panama, Kosta Rika ak Repiblik Dominikèn te tonbe dakò sou yon alyans «pou dyalòg ak koperasyon sou kesyon devlopman ak demokrasi» e yo te evoke tou sitiyasyon Ayiti ki, dapre yo, merite solisyon rapid.
«Alyans pou ranfòsman enstitisyonalizasyon demokratik» se non akò sa a ki te siyen New York, presizeman nan biwo misyon pèmanan Repiblik Dominikèn nan Nasyonzini, pa prezidan Kosta Rika, Carlos Alvarado; prezidan Panama, Laurentino Cortizo ak prezidan Repiblik vwazen an, Luis Abinader.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
« Le pari du dialogue » : vizyon Wilner Joseph pou Ayiti ak relasyon l ak Repiblik Dominikèn
16 nov
Prezidansyèl 2027: Martine Moïse ofisyalize kandidati l anba banyè GAD
15 nov
Minis Sandra Paulemon mize sou fòmasyon kad pou modènize aksyon piblik
14 nov
Prezidansyèl 2027: Dominique Dupuy ofisyalize kandidati li anba banyè PVD
12 nov





