Yood pa sèlman di blag. Li kwit yo. Se sa ki fè patikilarite jèn komik ayisyen sa a k ap anime rezo sosyo yo chak jou.
Sou paj Facebook li oswa kont twitter li, imoris Yood ap fè plas li pandan l ap bati yon enfliyans ki byen merite.
Yoodjeeg Nicolas se yon jèn imoris ak nonm dafè ayisyen ki baze nan repiblik vwazen an. Papa twa (3) pitit, Kapwa sa a klere, san l pa konnen, jounen anpil Ayisyen ak blag li yo.
Karyè l pran vòl an 2016. Men, se sou ban lekòl li te fè premye pa l nan atizay fè moun ri.
Yood gen yon kreyativite ki debòde. Blag li yo soti nan okenn kote e yo kite moun wè jeni l, tank yo orijinal. Se yon Ti Bato kontanporen. Sèl diferans lan, li pa di blag li yo; li ekri yo.
Chak jou, Yood resevwa mesaj ankourajman pou travay li, li fè redaksyon Hebdo 24 konfidans.
Pou fè imè a tounen yon aktivite ki rapòte, men tou pou reponn bezwen fanmi l, Yood fè piblisite sou rezo sosyo yo tou. Kòmanditè yo, malgre rezèv yo ak timidite yo, pwofite yon piblik ki laj e ki chaje antouzyasm.
Menm si, paske l pa t gen mwayen, li te oblije mete etid inivèsitè l sou kote apre yon ane nan medsin, Yood espere yon jou reprann yo kote l te kite yo, e jwenn diplòm li pou l fè fanmi l kontan.
Yood vle sèvi ak popilarite l sou rezo sosyo yo pou ankouraje jenès ayisyen an angaje l pou devlopman peyi a.
Pandan l fyè de metye l, Yood envite jèn ayisyen yo pran menm chemen an si yo vrèman gen vokasyon sa a paske, dapre li, nou tout ka reyisi lavi nou ak metye nou chwazi.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





