Mèkredi 18 novanm 2026

Aktyalite

Ronald Koeman sou yon “chèz ejektab” nan Barcelone

Pa Hebdo24

· 2 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Nan Barcelone, lè antrenè Olandè a ki se ansyen jwè klib la, Ronald Koeman, sanble konte. Depi gwo defèt twa gòl a zewo (3-0) FC Barcelone devan klib Pòtigè Benfica Lisbòn mèkredi pase a nan lig chanpyon, sitiyasyon “Blanc Koeman” sanble konplike.

Dapre kèk medya Ewopeyen, rezilta gwo match ant FC Barcelone ak Atlético Madrid demen nan chanpyona Espay ta ka detèminan pou avni antrenè Batav la. Pandan li deja devwale lis li lavèy klasik sa a devan Colchoneros yo, ansyen antrenè seleksyon Orange (Olann) ta deja revoke, Alexandre Ruis, yon analis espòtif moun rekonèt e respekte anpil an Frans ak an Ewòp, te fè konnen sou paj Facebook li.

“Depi klib la retounen an Espay apre “dezas Lisbòn nan” mèkredi pase a nan Lig Chanpyon, Juan La Porta revoke Ronald Koeman nan pòs antrenè klib Blaugrana a”, ansyen jounalis Bein Sport la te rakonte.

Kat lòt antrenè prezidan La Porta chwazi ta deja sou tab la pou ranplase Koeman. Pami yo, non ansyen jwè klib la, Xavier Hernandez, ak ansyen gwo milye Italyen an, Andrea Pirlo, repete anpil nan laprès, kit se Katalan kit se Espanyòl.

Non aktyèl antrenè Bèljik la, Roberto Martinez, ak Gallardo site tou pou ranplase Koeman.

Sitiyasyon Antrenè a te deja konplike ane pase a, non sèlman paske se ansyen prezidan an, José Maria Bartomeu, ki te nonmen l, men tou paske rezilta ane pase yo pa t bon.

Klib la te genyen sèlman koup Espay sou tout konpetisyon li te jwe sezon pase a. Yo te elimine nan uityèm final Lig Chanpyon an devan PSG, e li te fini twazyèm nan chanpyona Espay dèyè Atlético ki te chanpyon ak Real Madrid, dezyèm; tout sa ak prezans Messi.

Ane sa a, anpil chanjman fèt nan ekip la, kit se nan nivo administratif, men tou e sitou nan nivo espòtif. Ekip la te pèdi youn nan pi bon jwè l yo, si se pa pi bon an, Lionel Messi, li pa t ka kenbe akoz fair Play finansye an Espay ak divès pwoblèm ekonomik ekip la ap fè fas. Anplis Messi, yo pèdi Antoine Griezman, yo prete Atlético Madrid.

Tout chanjman sa yo kontribye nan dekadans ekip la kounye a. Malgre yo te achte Memphis Depay, Luuk de Jong, Sergio Aguero (blese), ekip la sanble toujou trè modès.

Ronald Koeman se petèt viktim nimewo 1 sitiyasyon enkyetan klib la ap viv kounye a.

Pataje

Hebdo24

Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here