Jedi 26 novanm 2026

Aktyalite

Eskwokri sou rezo sosyo yo, fòk nou pale de sa tou…

Pa Richarson Bigot

· 2 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Depi kèk tan, viktim eskwokri sou rezo sosyo yo ap miltipliye anpil. Fwodè yo sèvi ak fo kont pou opere, souvan ak foto pèsonalite piblik, pou twonpe viktim yo, e gen anpil temwayaj.

 

Depi prèske 15 an, rezo sosyo yo vin tounen espas sosyal kote fanmi ak zanmi tise lyen yo vityèlman. Gen moun ki fè yo tounen kanal pwomosyon pwodwi yo oswa difizyon enfòmasyon, alòske lòt sèvi ak yo pou move entansyon.

Li abityèl pou w wè moun, moun konnen kou moun pa konnen, envite zanmi ak fanatik yo siyale fo paj, e pwen komen an rete: aktivite ki vize rache lajan nan men moun ak riz.

Marie-Lucie (non prete), yon jèn manadjè yon atis ayisyen, fè nou konfidans li te voye $600 (US) bay yon moun ki t ap pase pou Marc Anderson Bregard, direktè jeneral Radio Télévision Caraïbes, pou pwomosyon yon chante ki pral soti byento. Ankèt pèsonèl li revele animatè Canal musical la sèvi sèlman ak aplikasyon Whatsapp, alòske eskwo a te pale lontan avè l sou Facebook messenger.

Jean (non prete) se yon lòt viktim ki rete Ozetazini. Li te voye $50 bay kouzen l Clothaire. Lè kouzen an te resevwa apèl li, li te etone pou tranzaksyon sa a, paske telefòn li pa t mache depi plizyè semèn.

Motivasyon eskwo yo se lajan, e pafwa li pran fòm yon relasyon damou vityèl. Yon gwoup yo rele « Play-boy », ki baze Kafou, ta youn nan enstigatè aktivite malonèt sa yo. Bann nan espesyalize nan kreye fo paj ak idantite fi pou twonpe vijilans Ayisyen dyaspora yo. Foto “sexy”, diskisyon sou sèks, se tout estratajèm pou fè moun mòde zen an.

Se vre, okipasyon chak jou, kesyon sekirite ak kriz ki pèsiste a okipe lespri moun, men zak sa yo merite atansyon. Se poutèt sa, pwochen lejislati a, si li pa twò okipe ap fè negosyasyon, oswa omwen soumèt anba pouvwa egzekitif la jan konstitisyon Jovenel Moïse la prevwa l, ap dwe pwodui tèks lwa ki adapte ak sibèkriminalite, pou bay lajistis zouti ki nesesè pou chèche e pini fwodè yo.

Pataje

Richarson Bigot

Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here