Mèkredi 18 novanm 2026

Aktyalite

Repiblik Dominikèn: Orevwa pwogram viza espesyal pou etidyan ayisyen yo!

Pa Darling Valentin Cabé

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Otorite dominiken yo bay Ayiti yon « kou fatal », apre yon « senp rapèl » Minis Afè Etranjè ak Kilt la, Claude Joseph.

Anefè, gouvènman dominiken an deside sispann « pou yon tan endefini » pwogram viza espesyal pou etidyan ayisyen nan peyi a. Nouvèl la gaye tankou poud sou rezo sosyo yo lendi 1ye novanm 2021.

Men dapre jounal dominiken Listin Diario, se vis-minis Afè konsilè ak migrasyon an, Jatzel Román, ki te rapòte sa vandredi swa sou kont Twitter li.

« Gouvènman dominiken an deside sispann pou yon tan endefini pwogram viza espesyal pou etidyan ayisyen an Repiblik dominikèn », responsab piblik ministè Afè etranjè a (Mirex) te pibliye.

Fòk nou di anons lan rive yon ti tan apre gouvènman ayisyen an te reponn peyi a sou yon apèl prezidan Luis Abinader te lanse, kote l t ap mande kominote entènasyonal la aji « an ijans » an Ayiti.

Sanble san lespri polemik ni volonte pou fè mal, minis ayisyen Afè etranjè a, Claude Joseph, te afime sou Twitter Repiblik dominikèn ap konnen yon « ogmantasyon kriminalite », jan Depatman Deta ameriken an endike nan alèt li bay vwayajè yo.

« Apre avètisman 25/10/21 @StateDept kont ogmantasyon kriminalite nan peyi vwazen yo, mwen ankouraje gouvènman dominiken ak ayisyen an travay ansanm pou konbat pwoblèm ensekirite sou zile a », Joseph te ekri sou Twitter.

Apre kou Repiblik vwazen an bay Ayiti a, anpil moun panse otorite ayisyen yo, an reprezay, ta dwe pwofite pou pran mezi pou regilarize komès ant de peyi yo.

Pataje

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here