Fenomèn ensekirite k ap manje Ayiti a pouse antrepriz yo pran mezi youn pi sevè pase lòt.
Sou lis enstitisyon ki modifye orè fonksyonman yo, vin ajoute konpayi transpò ayeryen « American Airlines » ki te anonse vandredi a li diminye vòl li yo k ap ale ak k ap soti Ayiti.
Anefè, apati lendi 15 novanm 2021, konpayi avyon an kenbe yon sèl vòl pa jou sou Ayiti, sa Pòtoprens/Miyami an.
Se pòtpawòl enstitisyon an, Laura Masvidal, ki te fè anons lan.
Desizyon « American Airlines » sa a vin apre desizyon otorite ameriken ak kanadyen yo ki fèk mande sitwayen yo planifye depa yo kite Ayiti akoz ensekirite jeneralize k ap bat son plen la.
Li tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





