Fè won ant Minis Afè Etranjè ayisyen an ak Repiblik Dominikèn ap kontinye. Claude Joseph sote sou tout okazyon pou l montre Luis Abinader otorite l.
Apre kesyon ensekirite ki egziste sou de bò Zile a ki te enève Chèf Leta dominiken an, travay konstriksyon baraj la nan nivo rivyè Masak divize Chanselye ayisyen an ak Prezidan Repiblik Dominikèn nan.
« Repiblik dominikèn pa gen okenn dwa sou rivyè Masak », Claude Joseph te deklare avèk fòs, pandan l presize vwazen an pa dwe ditou bay tèt li dwa pou l bay gouvènman ayisyen an lòd.
An definitif, titilè MAE a mande pou travay konstriksyon baraj rivyè Masak la kontinye.
Nan yon lèt dat 20 novanm 2021 li voye bay Premye minis Ariel Henry, Dr. Joseph te souliye byenfonde pwojè sa a ansyen prezidan Repiblik la, Jovenel Moïse, te mete an aplikasyon.
« Rivyè Masak la pa t fèt nan Repiblik dominikèn jan kèk ilranasyonalis dominiken pretann », Claude Joseph te di, pandan l ajoute se nan enterè Nasyon ayisyen an, pi espesyalman popilasyon zòn nan, pou pwojè a kontinye e pou l fini.
Anplis, li mansyone, nan okenn ka, Leta ayisyen pa gen pou l sispann oswa kanpe yon pwojè l ap fè sou teritwa l sou lòd yon Gouvènman etranje.
Ann souliye travay konstriksyon baraj rivyè Masak la sispann depi plizyè mwa.
Li tou
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov





