Se yon verite tou klè e tris pou di se bandi ame ki fè lalwa nan Premye Repiblik nwa a. Polis Nasyonal d Ayiti ap eseye leve pou l chanje sitiyasyon an.
Se poutèt sa, Direktè Jeneral a.i Polis Nasyonal d Ayiti, Frantz Elbé, te prezide, 24 novanm 2021 sa a, yon reyinyon enpòtan nan nivo wo kòmandman PNH a. Sijè prensipal la: sitiyasyon sekirite peyi a.
Nan fen rankont sa a ki te fèt nan pi wo nivo enstitisyon polis la, yo te defini yon plan sekirite ki dwe garanti yon klima lapè nan peyi a pou fèt fen ane ak nouvèl ane.
Evalyasyon sitiyasyon sekirite peyi a ansanm ak mete sou pye yon sistèm sekirite ki ka kontrekare nan yon tan rekò faktè ki lye ak ensekirite (banditis, kriminalite, kidnaping), elaborasyon yon lòd operasyon espesyal pou peryòd fèt fen ane yo ak tretman kesyon entèn ki lye ak avansman grad pèsonèl polis la ak konkou yon nouvo pwomosyon komisè ki prevwa pou kòmansman desanm 2021, te nan mitan diskisyon yo.
Plis pase yon fwa gang ame yo mete l an derout nan tantativ pou l retabli lapè nan peyi a, èske PNH ap rive kreye yon klima sekirite, menm si se pou Nwèl sèlman? Kesyon an rete san repons.
Li tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





