Plizyè bal te blese l pandan yon tantativ kidnaping nan Bwa Vèna, Makindi Guerrier, chirijyen-dantis, pa t reziste. Apre plizyè jou nan yon lopital nan kapital ayisyen an, yo te transpòte l an ijans nan yon lopital nan Repiblik Dominikèn pou l resevwa swen ka li te mande. Malerezman, li mouri dimanch 12 desanm 2021 sa a.
Pandan li t ap prepare pou l rantre lakay li samdi 4 desanm 2021, akonpaye madanm li, Dr. Makindi Guerrier, prezantatè ribrik « Espace Santé » sou RTVC, te pran plizyè bal pandan yon tantativ kidnaping. Madanm li menm te blese nan figi lè machin yo a te frape yon mi.
Bandi yo te gen tan chape.
Makindi menm, yo te transpòte l an ijans nan yon lopital nan zòn nan. Poutèt ka l te konplike, kòlèg doktè l yo te mennen l an ijans Bernard Mevs, youn nan pi bon lopital nan peyi a.
Apre plizyè jou Bernard Mevs, li te pran avyon pou Repiblik Dominikèn jedi 9 desanm 2021, paske lopital Etazini ak Kiba te refize ka l yo te jije « konplike ».
Dimanch 12 desanm 2021 sa a, fanmi l te konfime lanmò l nan peyi vwazen an.
Makindi te papa de pitit. Li te pwofesè nan inivèsite tou e li te travay nan plizyè klinik prive, tankou pa l la ki nan Bwa Vèna.
Makindi Guerrier retounen nan pousyè, alòske bandi yo ap pase bèl jou byen trankil nan fyèf yo.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yoLi tou
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov
Eleksyon ann Ayiti: prèske 40 milyon dola toujou rete pou jwenn pou boukle bidjè elektoral la
5 nov





