Mèkredi 18 novanm 2026

Aktyalite

Ayiti: Yo lage de chofè lopital Sainte-Croix Leyogàn yo!

Pa Darling Valentin Cabé

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Vennkat (24) èdtan apre gang ame Matisan yo te kidnape yo, de chofè Lopital Sainte-Croix Leyogàn yo jwenn libète yo. Se Reveran pè Michelet Saint-Louis ki konfime enfòmasyon an, vandredi maten sa a.

« Se vre. Yo lage de chofè yo jedi 13 janvye », prela a di.

Anplis, li eksplike yo lage youn nan chofè yo san yo pa peye ranson e kondisyon liberasyon lòt la rete enkoni.

Kidnapè yo kenbe kamyon an ak jeneratris Lopital la ki ap fè fas ak yon gwo pwoblèm elektrisite, pè Saint-Louis presize, li anonse enstitisyon an fèmen pòt li.

Nan yon nòt ki te parèt anvan yo lage moun yo te kidnape yo, administrasyon an te raple Lopital Sainte-Croix se bra dwat sosyal Legliz Episkopal la.

Pandan otorite Leta yo depase pa pwoblèm ensekirite ki gouvènen nan antre sid Pòtoprens lan, « moun ki rete Fontamara, Gresye ak Kafou oblije vin nan Lopital Sainte-Croix pou yo jwenn swen ».

Pataje

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here