Jiska prezan, Claude Joseph se youn nan ra ansyen minis anba administrasyon Jovenel Moïse, si se pa sèl la, ki enterese de pre nan ankèt sou asasina Chèf Leta a ki te fèt 7 jiyè 2021.
An efè, ansyen minis Afè Etranjè ayisyen an pa janm rate okazyon pou felisite avans yo anrejistre nan kad zafè sa a.
Prèv la: Claude Joseph pa pran tan pou l reyaji apre desizyon Kongrè ameriken an pran pou bay lòd pou Depatman Deta ameriken an fè yon ankèt sou asasina prezidan Jovenel Moïse.
« Mwen felisite Kongrè ameriken an paske li bay lòd pou fè yon ankèt sou asasina @moisejovenel. Mwen konvenk fèm asasina 7 jiyè a gen ramifikasyon entènasyonal e li dwe sijè yon ankèt ak sanksyon entènasyonal tou. Asasen yo pa dwe kache », ansyen Chanselye a tweete.
Li tou
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov
Eleksyon ann Ayiti: prèske 40 milyon dola toujou rete pou jwenn pou boukle bidjè elektoral la
5 nov





