Mèkredi 18 novanm 2026

Aktyalite

Yo akize l de asasina, lajistis ap chèche Kondagana

Pa Darling Valentin Cabé

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Lajistis ap sere boulon an sou Kondagana. Pakè Pòtoprens lan mande DCPJ pran dispozisyon ki nesesè pou chèche epi arete polisye Jean Josué Clotaire, se vrè non l.

An efè, rimè piblik akize chantè gwoup Barikad Crew la kòm li te asasine sitwayen Ely Vertil, 26 janvye ki sot pase a nan Kanapevè.

Nan yon dokiman ki date jedi 10 fevriye, pakè Pòtoprens lan mande direksyon santral polis jidisyè (DCPJ) pran dispozisyon ki nesesè pou arete polisye Jean Josué Clotaire ke yo konnen sou non Kondagana. Dispozisyon sa a sibstiti komisè gouvènman Jenty Souvenir siyen an vini apre yon lòd entèdiksyon depa kont ajan polis la.

Pataje

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here