Rezo Nasyonal Medya sou Entènèt (RENAMEL) ap kriye lanmò fotojounalis Maxihen Lazarre, polis la touye ak bal, mèkredi 23 fevriye 2022 sa a, nan kad yon manifestasyon ouvriye ki t ap reklame yon ogmantasyon salè.
Depi de semèn, ouvriye sektè tekstil yo ap pran lari Pòtoprens pou reklame sòm 1500 goud kòm salè minimòm. Fòs lòd yo itilize gaz lakrimojèn epi yo bat manifestan yo ak baton. Pami viktim zak represyon sa yo, gen fotojounalis Maxihen Lazarre, ki t ap travay pou medya sou entènèt “Roi des infos”. Twa lòt jounalis blese.
RENAMEL, nan yon nòt kondanasyon prezidan l, Me Berrick Estidore, siyen, deplore lanmò fotojounalis Maxihen Lazarre epi li envite otorite konpetan yo fè yon ankèt.
« Sa twòp! Kòm òganis ki regle laprès sou entènèt ann Ayiti, RENAMEL mande otorite konpetan yo fè yon ankèt epi pran, byento, mezi ki nesesè pou otè zak bawbari kont tout sitwayen an jeneral ak jounalis an patikilye ka reponn pou krim yo devan lajistis”, se sa nou ka li nan nòt sa a.
Ouvriye yo ap reklame pi bon kondisyon salè, pandan otorite yo, san okenn wont, ap panse sèlman a konsolidasyon pouvwa yo. Ka kidnaping yo vin pi plis yon bagay nòmal nan peyi a. Gouvènman ki la a, bò pa l, ap jwe kat endiferans devan sitiyasyon pouri sa a.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
sa gen 9 èdtan
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov





