Pou make mwa istwa nwa yo ane sa a, biwo òganizasyon Jèn pou Nasyon Zini Afrik ann Ayiti (BOJNUAH) lanse yon premye edisyon Somè Nwa yo nan Pòtoprens ak Jakmèl k ap fèt soti 10 rive 13 mas 2022.
Ayiti pral resevwa pou premye fwa, Somè Nwa yo, an Patenarya ak Sco
Tour Haïti (STH). Ki mare sou tèm « Kontribisyon istorik Nwa yo nan konstriksyon
lemond », manifestasyon kiltirèl sa a pwomouvwa enpòtans kilti afriken an ak desandans
afriken pou devlopman ann Ayiti.
Plizyè pèsonalite pral pale nan kad aktivite sa a, tankou direktè
rechèch nan CNRS, Dr Laënnec Hurbon ak espesyalis an Patrimwàn etnolojik,
Beaunel Beauzile. Y ap echanje sou prezèvasyon ak pwomosyon idantite kiltirèl
afriken yo, jedi 10 mas, nan Inivèsite Quisqueya.
Dwayen enstiti etid ak rechèch afriken (IERAH/ISERSS), Dr Sterlin Ulysse,
se envite donè edisyon sa a.
« Evènman sa a vize souliye enpòtans patenarya miltisektoryèl ak miltipati yo ak
rezilta pozitif yo pou aplikasyon efektif ak swivi Pwogram
devlopman dirab orizon 2030 ant Ayiti ak Afrik; elatriye. », Marc
Derverson BEAUVOIR, direktè Pwojè ak Koperasyon ekstèn, eksplike.
Atravè BOJNUAH ki enstale ann Ayiti an 2017, jèn Ayisyen pwopoze tèt yo kòm
pon ant Afrik ak Ayiti.
Biwo òganizasyon Jèn pou Nasyon Zini Afrik (BOJNUA), ki gen syèj
sosyal li nan Ouagadougou, konsantre sou jenès ak devlopman dirab.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
sa gen 17 èdtan
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov





