Konsèy Nasyonal telekominikasyon avèti popilasyon an sou fonksyònman ilegal plizyè estasyon radyodifizyon sou bann FM, nan yon nòt enfòmasyon ki date 8 mas 2022. Se yon pratik ki mete kominikasyon ayewonotik an danje, dapre responsab konsèy la.
Enstans regilasyon telekominikasyon ann Ayiti pibliye yon lis senk (5) estasyon nan depatman Lwès ki itilize frekans pirate. Se Radio RD Plus (87,5), Cristal 2000 (87.7), Oui FM (87.9), Uni FM (102.7), Audience FM (105.5).
Pami konsekans yo, CONATEL konstate yon pètibasyon nan sèvis yo bay rezo kominikasyon mobil peyi a. Li anonse li gen entansyon kontinye ak piblikasyon yo, depatman pa depatman.
Pwopriyetè estasyon sa yo pral sibi pousuit jidisyè, CONATEL avèti. « Y ap voye lis sa a bay Komisè gouvènman jiridiksyon konpetan an pou swit ki nesesè, y ap pousuiv moun sa yo ki vyole dispozisyon kòd penal la. », se sa nou li nan nòt sa a.
Depi plizyè ane, Konsèy Nasyonal telekominikasyon lanse plizyè fwa apèl alòd bay radyo ilegal nan peyi a. Dapre done enstitisyon sa a te pibliye an 2016, kadran bann FM nan depatman lwès la satire a 158%.
Li tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





