Madi 24 novanm 2026

Aktyalite

Ayiti: Yon tribinal Ozetazini tande « Yonyon »!

Pa Bernadin Jules

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Nimewo en pisan gang « 400 Mawozo » a, Germine Joly alyas Yonyon, parèt madi 3 me 2022, devan jij Robin M. Meriweather. Se sa George Piro, ajan espesyal FBI, ak Matthew M. Graves, pwokirè federal nan Washington, anonse.

« Yonyon » ak lòt moun ki abite Ozetazini te fè konplo pou achte epi bay gang « Lanmò San Jou » a zam ak minisyon, biwo pwokirè a deklare.

Dapre dokiman an, yo deja arete 3 lòt moun ki abite Ozetazini nan kad zafè sa a, sa vle di yon sitwayèn ameriken ki rele Eliande Tunis, 43 an, yon sitwayen ayisyen, Jocelyn Dor, 29 an, ak Walder St-Louis, sitwayen ayisyen 33 an.

Ann note, akizasyon Germine Joly a enplike tou kidnaping ak sekestrasyon misyonè ameriken yo, ane pase.

Pataje

Bernadin Jules

Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here