Mèkredi 25 novanm 2026

Kilti

Lè kasav Ayiti vle vin « Patrimwàn Kiltirèl Imateryèl Limanite »

Pa Darling Valentin Cabé

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Sa « Soup Joumou » te fè ane pase a, kasav ayisyen an vle fè l jodi a. Vre, eritaj zansèt sa a ap reklame plas li nan patrimwàn kiltirèl imateryèl limanite.

Se delegasyon Ayiti nan UNESCO ki anonse, nan yon kominike li rann piblik, 17 out 2022, kandidati “Kasav” la, eritaj plizyè milye ane, te soumèt bay Òganizasyon Nasyonzini pou edikasyon, syans ak kilti (UNESCO) pou l enskri pami patrimwàn kiltirèl imateryèl (PCI) limanite.

« Delegasyon pèmanan Ayiti nan Unesco gen plezi pou l enfòme piblik la li lanse ansanm ak plizyè peyi nan rejyon an, sitou Kiba, Ondiras, Repiblik dominikèn ak Venezyela, pwosesis miltinasyonal pou enskri teknik tradisyonèl pwodiksyon ak konsomasyon kasav, atravè konesans, konn fè ak pratik ki lye ak li, sou lis reprezantatif patrimwàn kiltirèl imateryèl limanite, nan kad konvansyon 2003 Unesco a », nou li nan dokiman an.

Kandidati kasav la se dezyèm Ayiti nan kategori – patrimwàn kiltirèl imateryèl- nan UNESCO. Ògàn Nasyonzini an te etabli an 2003 yon konvansyon pou pwoteksyon PCI, palman ayisyen an ratifye 19 fevriye 2009.

« Kasav, yon ansanm tradisyon ki divès e omojèn alafwa nou jwenn atravè Ayiti, men tou nan tout espas Karayib la, Amerik santral ak Amerik di Sid, te enskri pa ministè Kilti a nan Rejis nasyonal Patrimwàn kiltirèl ayisyen 18 janvye 2021 », kominike a souliye.

Manm delegasyon an, ki pa t kache satisfaksyon yo, afime kasav se premye eleman yo soumèt sou lis sa a ki jwenn dakò lòt peyi nan rejyon an.

Pataje

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here