Chantèz ayisyèn Bedjine te viktim yon agresyon fizik apre li te fin pèfòme sou sèn nan Monreyal nan nwit 1ye pou 2 janvye 2024. Pou kounye a, yo poko devwale idantite agresè a.
K-Dilak ak Bedjine te deside poze ansanm ak kèk fanatik ki te mande moman sa a ansanm ak de atis yo ki te pèfòme pou premye fwa nan Monreyal. Nan yon videyo ki viral sou rezo sosyal yo, nou ka wè jèn fanm nan tonbe atè nan yon gwo dezòd, apre sa ajan sekirite l yo eskòte l rapidman. Nan dezòd la, agresè a ta kenbe Bedjine pandan li – ki te kite kat ajan sekirite l yo – t ap poze yon bò ak kèk fanatik.
Bedjine ta tonbe paske li pa t atann li a yon elan emosyon konsa ki brital bò kote « fanatik » sa a. K-Dilak te yon kote nan fon sal la ap poze ansanm ak lòt fanatik.
Dapre sa jounalis Thériel Thélus rapòte sou paj Facebook li “Ti Koze ak TT”, se pa ta yon atak men yon fòm admirasyon ki mal eksprime. Jounalis la konfime li te kontakte K-Dilak ak Bedjine nan telefòn. Li konfye tout bagay te byen, Bedjine pa t pran okenn kou ni blesi. Yo te mennen atis la lopital apre sitiyasyon panik sa a li pa t abitye.
Sepandan, li bon pou n deplore kilti kadejak sa a ki egziste sou entènèt la. Kòmantè move ak sèksis ap tonbe tankou lapli sou Facebook sou rad Bedjine, pou jistifye « agresyon » jèn fanm nan te viktim nan.
Sous: Célébrité Magazine
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





