Sitiyasyon an ap vin pi konplike chak jou nan Marinyani, kote vyolans nèg ame ap òkestre a ap fè ravaj. Nan katye sa a ki nan komin Kafou, yon santèn lekòl oblije kenbe pòt yo fèmen, Inyon Paran Elèv Pwogresis Ayiti (UPEPH) revele.
Pandan l ap atire atansyon Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) sou fè alamant sa a, estrikti edikatif sa a konte antou 103 lekòl ki pa ka fonksyone depi novanm 2023, ni nan Marinyani ni nan kèk zòn ki toupre.
« Li pa nòmal pou plizyè milye elèv pa jwenn dwa fondamantal pou edikasyon », UPEPH deplore nan yon lèt li voye bay titilè MENFP a, Nesmy Manigat.
Konsa, òganizasyon an mande otorite konpetan yo jwe wòl yo kòm garan sekirite sitwayen yo, pou plizyè milye elèv yo ka reprann chemen lekòl.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





