Nan Channmas, pou dezyèm jounen fèt kanaval yo, nèg ame simen dezòd. Yo fè poud la chante, yo anrejistre plizyè blese.
Se te panik nan sant vil la, kote tire sporadik t ap sonnen nan apremidi. Ak laperèz, kanavalye yo pran kouri; anbyans lan gate konsa.
Pami viktim yo gen yon chofè taptap ki pran bal pa lwen katye jeneral Fòs Ame d Ayiti, kèk pa de palè nasyonal la. Yo pa revele idantite l.
Nan yon kontèks ensekirite jeneralize, kèk sitwayen fè chwa kanmenm pou yo kontinye tradisyon an. Men, se te a pwòp risk yo. Èske twazyèm jounen an, sa vle di madi 13 fevriye 2024 sa a, ap fèt? Anyen pa sèten.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





