Lendi 23 novanm 2026

Aktyalite

Nan Mòn Kabrit, bandi atake yon bis, yo touye plizyè pasaje

Pa Hebdo24

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Bandi ame nan Mòn Kabrit atake, dimanch 18 fevriye 2024 sa a, yon minibis ki t ap transpòte 18 pasaje ki soti Pòtoprens. Plizyè moun mouri e lòt blese grav pandan atak sa a.

Hebdo24 jwenn li nan telefòn, prezidan Asosyasyon pwopriyetè ak chofè Ayiti (APCH), Changeux Méhu, konfime enfòmasyon an.

Anplis, sendikalis la fè konnen bandi Savien yo te boule lavèy la twa kamyon konpayi SYNTRANSBEL ki t ap transpòte machandiz.

Depi kèk tan, gang ame nan Ba-Latibonit ap fè lalwa, san yo pa okipe otorite konsène yo ditou. Konsa, popilasyon an pa konn ki bò pou l pran.

Pataje

Hebdo24

Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here