Jèn chantè ayisyen William Osias, 25 an, kaptive kè piblik kebekwa a nan prestijye konkou chante La Voix. L ap kontinye rèv li pou l vin yon chantè entènasyonal pandan l ap patisipe nan konkou wo nivo sa a.
Natif Ayiti, kote paran l mouri, li pèdi youn apre lòt nan espas twa an pandan anfans li, William jwenn rekonfò nan mizik pou l pa koule. Se konsa pasyon l pou mizik ak talan vokal li te sous fòs ak motivasyon pandan tout wout li. Jèn gason an di li rekonesan anvè AFP, gras ak li li te jwenn yon bous pou l te ka kontinye etid li.
Wout li jiska _La Voix_ se yon temwayaj vivan pèseverans ak talan jèn chantè a ki te oblije travay san rete pou l pèfeksyone a li. William enpresyone jij yo ak piblik la ak vwa kaptivan l ak prezans sèn remakab li, e yo chwazi l pou l rejwenn ekip coach Mario Pelchat. Yo di fame chantè Corneille ta renmen genyen l nan ekip li tou.
Malgre defi li te fè fas pi bonè, William rive transfòme eprèv li yo an opòtinite, e kounye a l ap enspire plizyè milye moun atravè wout li. Mesaj li: menm anba tanpèt, ou ka avanse pou w ale lwen si w kwè nan tèt ou e moun ki pote yon rèv anndan l dwe mete l nan travay pou l reyalize l.
Dimanch sa a, nan _La Voix_, jèn chantè a chante _Le géant de papier_, Jean-Jacques Lafon, e Mario Pelchat vire. Nan mikwo a, William pale de pase difisil li an Ayiti ak enkyetid li pou frè ak sè l ki toujou la, anba ensekirite ki fè rèl. Yon temwayaj pwisan jèn gason an ki pa kite piblik la endiferan.
Jodi a, li rete Monreyal, William gen yon pitit gason 1 an, Will Tyler, e lemonn ap swiv pwogrè l nan konkou a; sitou fanatik ayisyen yo ki gen espwa pou yo wè l reyalize rèv li pou l vin yon zetwal mizik entènasyonal. Istwa l raple nou, kèlkeswa obstak nou bite sou yo, ak pasyon, detèminasyon ak lafwa nan tèt nou, nou ka simonte tout advèsite pou rive nan objektif ki pi ambisye nou yo.
Sous: Célébrité Magazine
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yo




