Vandredi 20 novanm 2026

Aktyalite

« Mwen ka rezoud kriz sekirite k ap souke Ayiti a », prezidan Salvadò, Nayib Bukele, deklare

Pa Hebdo24

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Homme debout derrière un pupitre avec drapeau du Salvador à côté

Pandan Gouvènman ayisyen an konte sèlman sou yon fòs militè etranje pou retabli sekirite an Ayiti, prezidan Salvadò, Nayib Bukele, afime li ka rezoud pwoblèm gang ame yo.

Se nan yon mesaj li pibliye sou kont X ofisyèl li (ansyen Twitter), dimanch 10 mas 2024 sa a, chèf Leta salvadoryen an fè deklarasyon sa a.

« Nou ka ranje l. Men nou bezwen yon rezolisyon Konsèy sekirite ONI, konsantman peyi k ap resevwa a ak pran an chaj tout frè misyon an », Bukele presize nan piblikasyon l.

Ann raple, Nayib Bukele te reeli prezidan Salvadò 4 fevriye 2024, ak plis pase 85 % vòt yo.

Pataje

Hebdo24

Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here