
Nan yon kontèks eksplozif kote Ayiti ap sibi kòlè gang ame yo, Etazini fèk nonmen nouvo anbasadè l pou pati lwès zile a. Se Dennis B. Hankins, ki pral ranplase Michel B. Sison nan pòs sa a byento.
Pou Lamezon Blanch, li ijan pou Mesye Hankins pran fonksyon l nan yon moman kritik pou Ayiti, kote gang atake pòs polis ak prizon nan kapital la, e y ap menase ranvèse gouvènman tranzisyon frajil peyi a.
« Se yon moman kritik pou asire nou gen yon anbasadè an plas », John Kirby, konseye an kominikasyon pou sekirite nasyonal, deklare bay laprès jedi, e li ajoute Etazini bezwen yon anbasadè ijan.
Deja, anbasad ameriken an Ayiti anba gwo pwoteksyon Marines ameriken. Se yon desizyon administrasyon Biden pran devan ogmantasyon vètijinez zak vyolans an Ayiti.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





