Pandan plizyè milye prizonye an Ayiti chape gras ak vyolans bandi ame yo òkestre nan dènye jou sa yo, senatè repibliken Florid yo vle evite fijitif sa yo antre Ozetazini.
Anfèt, nan yon lèt yo voye bay Lamezon Blanch, senatè repibliken Florid yo Marco Rubio ak Rick Scott egzije konnen plan administrasyon Biden pou anpeche kriz Ayiti a gen yon enpak negatif dirèk sou fanmi ameriken an Florid ak toupatou Ozetazini.
Devan gwo kantite prizonye ki chape, plis pase kat mil, ladan yo kriminèl koni, repibliken yo mande: kijan administrasyon Joe Biden pral garanti okenn kriminèl p ap otorize antre Ozetazini?
Remake, dapre ankèt enstitisyon ameriken fè, pifò zam gang an Ayiti genyen soti Ozetazini.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





