Nan yon nòt li rann piblik vandredi 29 mas 2024 sa a, Konsèy Prezidansyèl la di li pran konesans nan laprès egzistans yon dokiman yo di ògàn nan te adopte ki pale de revokasyon wo fonksyonè piblik e ki trete pwosedi enstalasyon l.
« Li kondane yon zak konsa e li regrèt tò li ta ka koze pandan l ap denonse objektif manipilasyon opinyon piblik la ak destabilizasyon pwosesis la », nou ka li nan dokiman sa a ki gen siyati sèt (7) manm yo ak de (2) obsèvatè CP a.
Anplis, estrikti tranzisyon sa a souliye, nan kontèks aktyèl la, li enpòtan anpil pou kenbe serenite ak koyezyon Leta a pou ka reponn anpil defi nasyon ayisyen an ap fè fas.
« Konsèy Prezidansyèl la jije li nesesè pou l presize dokiman sa a pa koresponn ak okenn desizyon ki diskite e ki adopte ladan l. Anplis, li mande medya yo an jeneral pou yo pridan e pou yo chèche tout tan, e anvan nenpòt difizyon, yon otantifikasyon kominikasyon yo atribiye l », li ajoute, pandan l ap rasire popilasyon ayisyen an l ap travay san pran souf pou retabli lapè ak retounen nan lòd demokratik konstitisyonèl.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Apre dezan sispansyon, vòl komèsyal yo ka reprann Pòtoprens nan mwa desanm
sa gen 6 èdtan
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov





