
Lendi 13 me 2024 sa a, kèk moun yo poko idantifye fèmen biwo Ladwàn Okap la ak brital. Administrasyon jeneral ladwàn nan, ki gen tèt chaje, estime zak sa a ta gen mak trafikan zam ki atake enstitisyon an akoz dènye sezi zam ki te fèt an avril pase a.
« Apre gwo sezi zam afe ak minisyon ki te fèt nan ladwàn Okap 4 avril pase a, Direksyon Jeneral AGD a te deside voye yon Komisyon ki gen ajan ladwàn ladan l pou ranfòse kapasite kontwòl Ladwàn Okap ak anplwaye l yo. Lendi 13 me 2024 sa a, kèk moun yo poko idantifye ki pa dakò ak desizyon sa a fè gwo menas sou anplwaye ladwàn Okap yo ansanm ak manm Komisyon an ki te oblije al kache », nou ka li sou kont X (ansyen Twitter) AGD a.
« Apre sa, moun sa yo fè gwo menas e yo fèmen Biwo ladwàn nan. Pou kounye a, moun sa yo ap mennen yon operasyon yo rele: ´Chache nèg Pòtoprens’ ki vize sitou manm Komisyon an », Administrasyon ladwàn nan presize.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
sa gen 7 èdtan
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov





