
Pandan polis nasyonal d Ayiti ap fè fas ak yon gwo mank materyèl, bandi komin Gresye boule, lendi 27 me 2024 sa a, yon blende enstitisyon an. Ensidan an fèt pandan konfwontasyon ant fòs lòd yo ak malfra yo nan lokalite yo rele Colombier. Nan echanj tire sa yo, yon ajan polis blese, bandi tou te viktim, responsab PNH yo rapòte.
Dapre temwen ki te sou plas, polisye t ap eseye detwi yon pòs peyaj malfra yo te enstale nan lokalite sa a lè yo tonbe nan yon anbiskad manm gang yo rele « 103 zonbi » a. Lè bandi yo te pran yo nan kouri, fòs lòd yo te oblije chape kò yo, yo abandone machin blende a, ki te boule nan flanm dife.
Se nan kontèks sa a kote gang ame yo vin pi mechan toujou Kenya montre l ezite sou deplwaman Fòs miltinasyonal sipò pou sekirite a, li gen pou dirije pou ede Ayiti soti nan kawo a.
Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





