Lendi 23 novanm 2026

Aktyalite

Sezon siklòn 2024: Ayiti anba menas yon dizèn siklòn

Pa Naïka Eugene

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Image satellite montrant deux cyclones dans l'océan Atlantique près des Caraïbes

Samdi 1ye jen 2024 sa a, sezon siklòn nan kòmanse. Dapre previzyon yo, ane sa a Ayiti dwe atann li a yon sezon entans. Konsa, pwoteksyon sivil anonse li pran mezi, e li mande tout sitwayen rete vijilan.

« 11 tanpèt twopikal ki gen non ta ka tounen siklòn, ladan yo omwen senk gwo siklòn », dapre Direksyon jeneral pwoteksyon sivil (DGPC), ki site yon etid Inivèsite Leta Colorado Ozetazini. Nan sans sa a, responsab pwoteksyon sivil yo di yo favorize « yon apwòch pwoaktif nan jesyon risk, ki mete aksan sou enpòtans difizyon enfòmasyon ak angajman kominotè ».

Pandan tan sa a, devan sezon siklòn ki kòmanse samdi 1ye jen 2024 la e akoz degradasyon anviwònman an k ap akselere, asosyasyon Col-vert Haïti mande Ayisyen yo « pi gwo prekosyon pou pwoteje lavi yo ak byen yo ».

Pandan l raple otorite yo « responsablite yo pou yo fè tout sa yo kapab pou pwoteje popilasyon an », asosyasyon Sitwayen pwotektè anviwònman sa a, Lionel Edouard prezide, souliye « plis pase 96 % popilasyon ayisyen an toujou ekspoze a risk 2 oswa plis danje meteyorolojik tankou: van, inondasyon, glisman teren ak lavalas labou… ».

Pataje

Naïka Eugene

Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here