
Yon fòs polis kenyan pral pati madi 25 jen 2024 pou Ayiti nan kad Misyon miltinasyonal ONI ki la pou konbat vyolans gang yo. Se sa sous gouvènmantal ak sous polis Kenya endike.
Kenya te pwopoze voye yon milye polisye pou estabilize Ayiti, ansanm ak pèsonèl plizyè lòt peyi ap voye. Men deplwaman sa a te fè fas ak plizyè rekou nan jistis nan peyi Afrik de lès sa a.
Prezidan William Ruto, yon patizan cho misyon an, te deklare dènyèman deplwaman an t ap fèt nan kèk semèn.
« Depa a prevwa pou madi semèn sa a », yon sous nan ministè Enteryè a endike, sou kondisyon anonima. « Preparasyon yo ap fèt pou ekip la pati pou Ayiti madi », yon sous polis byen plase konfime.
« Nou gen de ekip preparatwa ki deja pati, youn semèn pase a ak yon lòt samdi », dapre sous polis la.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
sa gen 19 èdtan
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





