Lendi 23 novanm 2026

Politik

Wyclef Jean vle negosye ak gang yo, Edgard Leblanc pa dakò

Pa Naïka Eugene

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Portraits côte à côte de deux hommes en costume, l'un avec barbe, l'autre souriant aux cheveux gris

Mega zetwal ayisyen an pèsiste nan vle negosye lapè ak gang ame yo. Nan yon entèvyou li bay Radio Télévision Caraïbes jedi 11 jiyè 2024 sa a, pitit Kwadebouke a fè konnen li pare pou l chita ak tout moun, sa vle di menm malfra k ap simen laterè nan popilasyon an.

Anplis, Wyclef Jean anonse talè konsa ap gen yon konsè pou lapè ann Ayiti. Pou sa, li planifye ekri dirijan peyi a. Moun kritike l pou volonte l afiche pou l rankontre bandi ame yo, men atis la presize nan demach li a, li pa gen okenn entansyon pou l bloke Polis ak Jistis ki dwe sevi kont chèf gang yo.

Yon sous Hebdo24 kontakte konfime prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon an pa t rankontre Wyclef Jean semèn sa a akoz pozisyon l. Edgard Leblanc menm pa vle pou anyen nan mond lan chita diskite ak gang ame yo.

Pataje

Naïka Eugene

Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here