Nan yon nòt pou laprès resan Hebdo24 resevwa kopi, Direksyon Télé 7, S.A. (Télémax) di li konstate ak anpil amètim pratik ki pa gen non yo ap kontinye pou simen dout nan opinyon piblik la sou pwopriyete frekans li benefisye depi plizyè deseni. Konsa, pwopriyetè Télémax yo deklare yo pa vann chèn nan bay pèsonn, sitou pa bay Rosemila Petit-Frère.
« Nan seri aksyon malonèt gouvènman li a, Ariel Henry te fòse enjenyè Jean Marie Guillaume, ki te Direktè Conatel nan epòk la, pou l siyen, anba gwo presyon e nan ilegalite, asiyasyon yon frekans pou yon swadizan Télé Monopole ki rele Rosemila Petit-Frère, ke Gamal Augustin te enstale ilegalman sou sit TNH la. Dènye sa a, yon manm enfliyan nan kabinè Ansyen PM nan, pou nou pa di plis, te egzije frekans Télémax la, malgre Antrepriz la toujou respekte obligasyon l anvè Conatel ak fis la. Gen menm rimè ki di se presyon sa yo ki ta lakòz lanmò direktè Conatel sa a. Se sa ki fè nou konprann poukisa Télémax te viktim tout atak bandi ame sa yo, malfra telegide ak tout kalite asèlman, rive jis nan tantativ pou yo vòlè teren li nan Delma 19, ak demolisyon enstalasyon l nan Boutilye, sa ki anpeche televizyon an fonksyone nòmalman », Direksyon chèn sa a ki te pi gwo nan peyi a nan tan lontan esplike.
Nan dokiman sa a, Direksyon an presize benefisyè frekans Télémax la pa vann li bay pèsonn, sitou pa bay Rosemila Petit-Frère, ki konnen pou kapasite l genyen pou fè mal e ki jodi a jistis ayisyen ap chèche. Anplis, nou li ke Télémax, ak istwa l ak vizyon l, pa ka fizyone nan okenn Télé Monopole, yon non ki pa kache entansyon visye, engra e malonèt pwopriyetè l la.
« Pou kontrekare manèv moun ki ranplase Jean-Marie Guillaume nan Conatel la ak konpè l yo, direksyon Télémax te voye yon lèt bay Premye Minis Doktè Garry Conille, nouvo Minis TPTC a, Enjenyè Raphaël Hosty, ansanm ak Minis Kilti ak Kominikasyon an, Mesye Antoine Augustin pami lòt, pou denonse direktè aktyèl Conatel la, sieur Jose Jean-Baptiste, ki nan pòch Rosemila Petit-Frère. Dwayen Tribinal Premye Enstans Pòtoprens lan deja resevwa dosye a atravè kabinè Avoka Leblanc et Associés. Li regretab pou n konstate madanm Rosemila Petit-Frère sa a, ki an azil Ozetazini, ak mèsenè rezo sosyal sa a ki an azil an Frans pou rezon ki pa klè, ap aji an konplisite pou koze domaj materyèl ak moral bay Télémax ak pèsonalite ki dirije l yo », responsab ansyen estasyon sa a ki te yon lekòl pou jenès ayisyen an kontinye.
Finalman, pou piblik la byen konprann, direksyon an presize li pibliye resi peman ajou yo ni nan Conatel ni nan DGI ki montre Télé 7 SA (Télémax) ap eksplwate frekans lan san entèripsyon. « Télémax pwofite pou l avèti tout enstans Leta yo, tout uzurpatè ak tout kontrevenan kont eksplwatasyon abizif frekans li ansanm ak pwopriyete l ki nan Delma 19. Sinon, y ap pouswiv yo nan jistis ak tout rigè. Pwopriyete Télé 7, S.A. ki nan Delma 19 la pa a vann, ni Frekans li », se konsa nòt ki te parèt 19 jiyè pase a fini.
Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





