Madi 17 novanm 2026

Aktyalite

I&N Global Services, 7 an pèseverans ak yon avni ki pwomèt

Pa Billy Doré

· 2 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Cinq personnes posant avec des plaques d'honneur devant un décor doré et noir I&N Global Services

I&N Global Services fèk selebre setyèm anivèsè kreyasyon li. 7 jiyè 2024, nan otèl El Rancho, ekip direksyon antrepriz la te òganize yon jounen konferans sou tèm « Kijan pou w antreprann nan sitiyasyon kriz? ». Ekip la di li pare pou l franchi nouvo etap epi li pataje anbisyon l yo ak redaksyon nou an.

I&N Global Services se yon antrepriz ki espesyalize nan vant aparèy elektwonik ak aparèy menaj. Li bay akonpayman tou pou vwayaj aletranje, transfè non pou machin ak sèvis imatrikilasyon nan DCPR ak OAVCT.

Nan domèn ekonomik peyi a, defi yo gwo anpil. Li vin pi difisil chak jou pou yon antrepriz grandi epi fè ase pwofi pou l ka dire. I&N Global Services pa egzante de sitiyasyon sa a, men direksyon an di li detèmine pou l kenbe fèm.

Pou ane k ap vini yo, antrepriz la parye sou konpetans anplwaye l yo ak fidelite kliyan l yo. “Pou ane k ap vini yo, nou konte sou èd Bondye, sou ekip nou an pou n ka pi byen prepare n pou n sèvi kliyan yo malgre difikilte yo”, responsab kominikasyon an, Ketoura Azard, deklare.

Alontèm, objektif antrepriz la se pou l ka kontribye nan avansman sosyete ayisyen an lè l touche lòt sektè ki esansyèl. “Nou gen nan kè nou inisyativ ki ka gen gwo enpak sou popilasyon an, kit se sou plan sosyal, ekonomik oswa kiltirèl”, Ketoura Azard di.

Pou 7yèm anivèsè antrepriz la, ekonomis Etzer Émile, ansyen direktè jeneral SOGEBANK Charles Clermont, chantè Lionel Benjamin ak madanm li Roseline Benjamin, sikològ ak antreprenè, te pote yon kout men espesyal nan aktivite yo te òganize yo. Sou tèm “Kijan pou w antreprann nan sitiyasyon kriz”, entèvenan yo te fè yon diskisyon rich ak yon piblik ki te konpoze sitou de jèn ki enterese anpil nan mond biznis la.

Se te okazyon pou piblik la konnen kiyès ki genyen konkou pwojè antreprenarya a. Kat (4) pwojè te demake yo nan mitan tout lòt yo e I&N Global Services pral finanse yo pou yo ka reyalize.

Gayan yo se: Wesly Ederson ak Jennifer Franchesca Desravines ak pwojè “AGRO ET TRANS”; Catherine M. Saintimé ak pwojè “Cathalie Store”; Marckendy Charleme ak Willan Monplaisir ak pwojè “Cornillon Eau pur”; Kelly Lensley Maurice ak Michelet Antenor ak pwojè “Barbie et Ken E-Shop”.

Pou 8yèm anivèsè a, direksyon I&N Global Services deja pwomèt yon seri aktivite ki pi rich e ki pi divèsifye.

Pataje

Billy Doré

Billy Doré est journaliste à Hebdo24. Il a débuté sa carrière depuis 2018 en collaborant à bon nombre de médias en ligne. Billy Doré est actuellement étudiant finissant en Relations Internationales à l'Université d'État d'Haïti (UEH).

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here