Premye minis Garry Conille, ansanm ak manm kabinè li, te rankontre reprezantan medya an liy mèkredi 24 jiyè 2024 la. Yon reyinyon ki rive kèk jou apre chèf Primati a te monte vwa l kont jounalis medya an liy ki, akoz fason yo fonksyone, ta anpeche polis la fè travay li.
Antre nan chanèl WhatsApp nou an, Klike sou lyen sa a ➡️ https://bit.ly/3MOKF3G
Dapre enfòmasyon ki disponib yo, Premye minis Garry Conille ak reprezantan Rezo Nasyonal Medya an Liy (RENAMEL) ak Asosyasyon Ayisyen Medya an Liy (AHML) te fè echanj sou kriz sosyo-sekirite aktyèl la. « Siksè eta ijans sekirite a pandan tranzisyon an depann tou, an pati, de laprès ak medya an liy yo », Dr Conille deklare.
Yon deklarasyon ki louvri pòt pou yon gwo kesyon: èske Chèf gouvènman an vle achte silans medya an liy yo? Kesyon an pi lejitim toujou paske antouraj Premye minis la wè kèk medya an liy tankou yon pikan nan pye moun ki okipe Primati a kounye a. Ann tann pou n wè ki atitid medya ki pa konvansyonèl yo pral genyen devan sijè cho ak dosye difisil yo, tankou batay kont gang ame yo ki, sa klè, se yon gwo defi pou otorite yo.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Apre dezan sispansyon, vòl komèsyal yo ka reprann Pòtoprens nan mwa desanm
sa gen 1 èdtan
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov





