Jedi 26 novanm 2026

Politik

Konsèy prezidansyèl tranzisyon: nèf manm, zewo rezilta depi twa mwa

Pa Jenny Toussaint

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Neuf personnes debout sur une estrade, levant la main droite lors d'une cérémonie officielle

Plis pase twa mwa apre enstalasyon l, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT) toujou pa rive montre « enpòtans » li. Sitiyasyon peyi a rete menm jan. Okontrè, li vin pi mal. Kòm sèl rezilta, sispèk koripsyon ap peze sou manm estrikti enkonstitisyonèl sa a.

Antre nan chanèl WhatsApp nou an, Klike sou lyen sa a ➡️  https://bit.ly/3MOKF3G

Enstale 25 avril 2024, Konseye-prezidan yo amòf e yo toujou pa rive poze zak nan sans « chanjman » popilasyon an swete a. Estrikti sa a ki konpoze de aktè politik ki te opoze « politik kawotik » Ariel Henry, toujou pa kapab fè pi byen. Se anba rèy CPT a ak Garry Conille komin Gantye, Gresye ak Kafou tonbe anba grif gang ame yo. Chèf gang yo reprann konfyans nan toupisans yo, y ap teworize popilasyon an prèske chak jou.

Sou videyo ki viral sou rezo sosyal yo, nou ka wè bandi yo ap ekspoze asenal yo. Si w gade, fòs ki rekonèt legalman yo, Polis Nasyonal d Ayiti ak Lame a, pa pi byen ekipe pase gang ame yo an zam ak minisyon.

Pandan sa a, yon kesyon enpòtan poze: ki valè Konseye prezidansyèl yo genyen ki koute Leta ayisyen tèlman chè?

Pataje

Jenny Toussaint

Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here