Ansyen minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn, Aviol Fleurant, anrichi tèt li ilegalman pandan pasaj li nan tèt MPCE a, Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC) revele nan yon rapò li pibliye madi 3 septanm 2024 sa a.
Dapre dokiman sa a, patrimwàn avoka a ogmante plis pase 250%. Akoz anrichisman ilegal la, ULCC rekòmande pou yo mete aksyon piblik an mouvman kont akize Fleurant pou fo deklarasyon, pami lòt.
« M. Aviol FLEURANT anrichi tèt li ilegalman pandan pasaj li nan Ministè Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn (MPCE) e li pa ka jistifye rezonab kote sòm « swasannkenz milyon desansèt mil twasan trannnèf ak 29/100 (75 207 339,29) goud » soti, ki reprezante yon ogmantasyon « desan senkanntwa ak 26/100 (253,26%) » patrimwàn li parapò ak revni lejitim mari ak madanm FLEURANT, valè yo retrase sou sèz (16) kont bankè yo pandan peryòd ki soti mas 2016 rive desanm 2018. Anplis, li pa ka jistifye rezonab kote lajan li sèvi pou achte de (2) pwopriyete ki sitye nan Peguyvil sou non pitit li yo pou sòm « swasannkenz mil ak 00/100 (75 000,00) dola ameriken » pandan menm peryòd sa a », nou ka li nan dokiman ULCC a Hebdo24 jwenn kopi.
Anplis, ansyen titilè MPCE a pwodui yon fo deklarasyon definitif enpo lè l pa deklare tout montan « katsan mil ak 00/100 (400 000,00) goud » li touche chak mwa kòm onorè avoka ki deklare nan deklarasyon patrimwàn antre ak sòti fonksyon l. Sa ki reprezante yon pèt pou fis la yo estime a « de milyon sètsan katrevenwit mil katsan swasannsèt ak 78/100 (2 788 467,78) goud » sou peryòd ankèt la konsidere a, sa vle di tranntwa (33) mwa an total.
Kidonk, rapò a konkli, Komisyon ankèt la rekòmande pou yo mete aksyon piblik an mouvman kont yon nonmen Aviol FLEURANT pou fo deklarasyon patrimwàn ak anrichisman ilegal, fè ki prevwa e ki pini dapre dispozisyon atik 17 lwa 12 fevriye 2008 sou deklarasyon patrimwàn kèk kategori pèsonalite politik, fonksyonè ak lòt ajan piblik, konbine ak dispozisyon atik 107 ak 108 kòd penal la ak 5.2 lwa 12 mas 2014 sou prevansyon ak represyon koripsyon; odit jesyon M. Aviol FLEURANT kòm Minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn (MPCE); redresman pa Administrasyon fiskal la (DGI) deklarasyon definitif enpo M. Aviol FLEURANT pou egzèsis fiskal 2015-2016,
2016-2017 ak 2017-2018.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





