Lendi 16 novanm 2026

Aktyalite

Tout sa w bezwen konnen sou deba Harris kont Trump ki prevwa pou 10 septanm 2024

Pa Jr Abellard

· 2 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Portraits de deux personnes en pleine prise de parole lors d'un événement public

Se yon abitid pou kandida a prezidans yo rankontre sou yon podyòm pou deba sou politik yo epi konvenk elektè yo chwazi yo. Si deba prezidansyèl la pa obligatwa, kandida de gwo pati yo konnen li esansyèl pou yo rankontre. Se yon prèv kouraj ak yon moman moun ap tann. Depi 2020, medya k ap òganize deba yo enpoze règ presi, ki diskite ant responsab kanpay elektoral pati politik yo, jiskaske yo rive nan konsesyon.

Premye deba prezidansyèl ki prevwa pou 10 septanm ant Kamala Harris ak Donald Trump p ap pase inapèsi, ni pou règ yo ni pou distenksyon yo. Se chèn ABC News ki pral òganize deba sa a e l ap fèt nan Philadelphia, PA. Li planifye pou 9è ET e l ap dire 90 minit, ak de poz piblisitè.

Harris pral kanpe adwat podyòm nan (agoch ekran w), pandan Trump pral kanpe agoch podyòm nan (adwat ekran w). De kandida yo p ap salye youn lòt, sa ki te yon abitid nan deba anvan yo. P ap gen entwodiksyon. Moderatè yo pral kòmanse dirèkteman poze kesyon. Kandida yo pral gen de minit pou reponn kesyon yo, de minit pou replik, ak yon minit anplis pou konpleman, klarifikasyon oswa repons. Mikwo lòt kandida a pral koupe pou evite tout entèripsyon moun ki gen lapawòl la. Okenn kandida p ap ka entèwoje lòt la. P ap gen kontantèwogatwa. Pèsonèl kanpay la p ap ka gen kontak ak kandida yo, ni pandan deba a ni pandan poz piblisitè yo. Kandida yo pral rete kanpe pandan deba a e yo p ap gen aksè a okenn nòt, sòf yon fèy papye, yon plim ak yon boutèy dlo. P ap gen odyans.

Madan vis-prezidan Kamala Harris nan Pati demokrat la pral premye moun ki reponn premye kesyon moderatè David Muir ak Linsey Davis, tou de jounalis ABC News. Donald Trump, ansyen prezidan repibliken an, pral fèmen deba a paske kanpay li te genyen tiraj osò a, ki te fèt vityèlman pandan negosyasyon madi 3 septanm 2024 yo.

Okenn lòt chèn poko konfime si pral gen lòt deba prezidansyèl. Sepandan, CBS News anonse kandida a vis-prezidans yo, Tim Walz ak JD Vance, pral rankontre 1ye oktòb 2024 nan New York.

Pataje

Jr Abellard

Diplomé en Science Politique‬ ‭ Analyste de données

Tout atik li yo