
Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, Leslie Voltaire ap dirije kounye a, jire sèlman pa revokasyon Minis Afè Etranjè ak Kilt yo, Dominique Dupuy. Rezon an: CPT a jije pozisyon titilè MAEC a devan depòtasyon masif Ayisyen pa Repiblik Dominikèn twò fèm e twò rijid.
Pandan yon reyinyon ki te fèt madi 15 oktòb 2024 sa a, ant Konseye-prezidan yo ak Chèf gouvènman an, yo te abòde kesyon an. Manm CPT yo montre volonte yo pou « koupe tèt » Dominique Dupuy. Yon ide Garry Conille opoze kategorikman. Sa vle di de branch Egzekitif espesyal la plis divize pase janm.
Pa twonpe nou! Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pa vle sèlman revoke Chanselye a pou pozisyon tranchan li anvè politik migratwa ksenofòb e anti-ayisyen Luis Abinader. Dapre kèk obsèvatè, prezidan Leslie Voltaire vle tire revanj sou Dominique Dupuy akoz « malantandi » ki te rive pandan 79yèm Asanble jeneral ONI a nan New York kote li te « imilye ».
Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24
Tout atik li yoLi tou
« Patwon gang » dapre ONI, Youri Latortue bat bravo pou entèvansyon Nayib Bukele ann Ayiti. Ala ironi!
5 nov
Ayiti: sanksyon ONI kont aktè politik ak ekonomik, yon espwa pou kase enpinite ak relanse demokrasi
15 okt
Kalandriye KEP la: yon dat ki ka louvri yon nouvo peryòd enstabilite politik
28 jiy
Ensekirite ap galope ann Ayiti: èske ministè Touris la ka jistifye depans li yo?
6 me





