
Trant (30) jou yo fin pase, entèdiksyon vòl Federal Aviation Administration (FAA) te enpoze sou Ayiti a leve ofisyèlman. Yo te pran mezi drastik sa a apre atak ame yon avyon te sibi pandan l t ap prepare pou ateri nan Ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture, nan mwa novanm ki sot pase a.
Dapre yon sous ki pre Otorite Ayewopòtyè Nasyonal (AAN) Hebdo24 kontakte, okenn konpayi avyasyon poko angaje pou rekòmanse vòl li yo sou Ayiti, menm si Ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture pa anba mezi restriksyon ankò apati madi 10 desanm 2024 sa a. Konpayi avyasyon yo, American Airlines, JetBlue, Spirit, di yo an mòd obsèvasyon.
Sepandan, dapre menm sous sa a, se sèlman konpayi avyasyon Sunrise Airways ki ta ka rekòmanse vòl li yo ki prale ak ki soti nan Ayewopò kapital la (Pòtoprens). Sa, ak pri egzòbitan pou tikè avyon yo.
Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24
Tout atik li yoLi tou
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov





