
Inite Lit Kont Koripsyon an lanse yon manda rechèch kont ansyen Pwotektè sitwayen an. An efè, ULCC, nan kad ankèt penal l ap mennen nan Biwo Pwoteksyon Sitwayen an (OPC) sou fè pasasyon ilegal mache piblik, abi fonksyon, detounman byen piblik ak antrav nan bon fonksyònman lajistis, ap chèche aktivman sitwayen Renan Hédouville, ansyen Pwotektè sitwayen an, nasyonalite ayisyen, gason.
Se sa nou ka li nan yon manda rechèch otantik ULCC a ki site dispozisyon atik 11, alinea 2 dekrè 8 septanm 2004 ki kreye enstitisyon an.
Nan dokiman sa a, « ULCC mande tout moun ki gen enfòmasyon sou li pou yo kontakte nimewo sa yo oswa sèvis konpetan Polis Nasyonal d Ayiti ».
Li bon pou n raple yo te akize Renan Hédouville de nepotis pandan pasaj li nan Biwo pwoteksyon sitwayen an. Nan OPC, li te bay pitit fi l, bofis li ak lòt moun ki pwòch li travay.
Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24
Tout atik li yoLi tou
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov
Eleksyon ann Ayiti: prèske 40 milyon dola toujou rete pou jwenn pou boukle bidjè elektoral la
5 nov





