Vandredi 20 novanm 2026

Aktyalite

Etazini: Ayisyen yo rele « Viktwa », yo pwolonje TPS la jiska fevriye 2026

Pa Jenny Toussaint

· Mete ajou 15 novanm 2026 · 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Personne vue de dos avec casquette bleue et petits drapeaux haïtien et américain

Gouvènman ameriken an anonse, 16 jiyè, pwolonjman estati pwoteksyon tanporè (TPS) pou ressortissants ayisyen k ap viv Ozetazini. Okòmansman, li te prevwa pou fini 2 septanm 2025, kounye a nouvo dat limit lan se 3 fevriye 2026. Desizyon sa a konsène anviwon 521 000 benefisyè, pandan y ap tann yon òdonans final.

Ekstansyon sa a swiv yon desizyon yon jij federal New York te bay 15 jiyè nan kad zafè Haitian Evangelical Clergy Ass’n v. Trump. Li rive malgre yon jijman resan Lakou siprèm te bay Depatman Sekirite enteryè a rezon nan yon zafè menm jan an (8 vwa kont 1).

Depatman Sekirite enteryè a (DHS), ki di li pa dakò ak desizyon an, ap egzamine opsyon rekou yo kounye a. Sou rekòmandasyon sekretè Kristi Noem, DHS te estime Ayiti pa t ranpli kondisyon ki jistifye kenbe TPS la ankò, li te pale de yon swadizan amelyorasyon sitiyasyon an nan peyi a.

Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.

Pataje

Jenny Toussaint

Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here